Paka Dòmi ak Mank Somèy? 3 Pi Bon Pozisyon Pou Sispann Leve ak Doulè
Автор: Jolineplus | Egzèsis Lakay
Загружено: 2026-02-14
Просмотров: 1570
Описание:
Paka Dòmi ak Mank Somèy? 3 Pi Bon Pozisyon Pou Sispann Leve ak Doulè. Men Sa Ki Fè Ou Leve Ak Doulè Chak Maten. Si ou gen mank somèy, pwoblèm dòmi, oswa ou toujou paka dòmi, videyo sa a fèt pou ou. Anpil moun ap dòmi mal, ap dòmi ak doulè, epi yo toujou leve ak doulè chak maten. Si ou santi w twòp fatige, si somèy pa vini, oswa ou soufri ak lensomni (insomnia), li enpòtan pou w konnen ke pozisyon w ap dòmi ladan li ka lakòz pwoblèm nan. Nan videyo sa a, nou pral montre w pi bon pozisyon pou dòmi, ki gen ladan pozisyon dòmi pou doulè do, pozisyon dòmi pou zepòl, ak pozisyon dòmi pou ranch. Ou pral aprann kijan pou dòmi san doulè, si li pi bon pou dòmi sou do oswa dòmi sou kote, pou w ka finalman dòmi byen ankò epi sispann leve ak doulè. Pran pasyans, eseye strateji sa yo epi kontinye fè egzèsis lakay ou.
Tcheke liv egzèsis mwen yo sou Amazon pou plis gid etap pa etap si doulè nan do.
Mwen ekri liv sa a pou ede moun soulaje doulè nan do, epi ranfòse misk vant yo 👇
👉 https://www.amazon.com/dp/B0FPB3XQ78?..
👉 Eseye strateji sa yo ansanm avè m, epi ekri nan kòmantè yo si objektif ou se pou elimine doulè nan do, doulè nan epol, ak doulè nan kou.
⏱️ CHAPIT VIDEYO A:
00:00 Entwodiksyon – Paka Dòmi ak Mank Somèy
00:33 Eksplikasyon – Poukisa ou dòmi epi leve ak doulè
03:40 Pozisyon pou dòmi #1 – Dòmi sou vant pou pwoblèm dòmi ak doulè do
05:45 Pozisyon pou dòmi #2 – Dòmi sou do ak pozisyon pou dòmi san doulè
07:18 Pozisyon pou dòmi #3 – Dòmi sou kan pou evite mank somèy
08:50 Strateji #4 – Dòmi sou do pou doulè nan do ak sciatica
10:13 Konsey pou doulè nan do, doulè nan epol, ak mank somèy
10:30 Konklizyon Lensomni ak solisyon natirèl ak egzèsis lakay
Si ou enterese pou konen plis toujou tankou kijan pou soulaje doulè nan senti, doulè nan rèldo, doulè nan kou, doulè nan jenou ou kapab gade lòt video sou channel la ke Dr. Stanley Octavius, DPT,ATC mete disponib pou edew kenbe kòw an sante.
Videyo popilè sou chèn nan
Ou Gen Doulè nan Epòl? • Ou Gen Doulè nan Epòl? Fè Egzesis Sa yo
Doulè nan Pla Pye? • Doulè nan Pla Pye? Fè Egzèsis Sa Yo Chak Jou
Doulè nan jenou ap ba w pwoblèm? • Doulè nan jenou ap ba w pwoblèm? Men egzès...
Kòman pou kase vant ou rapid? • Kòman pou kase vant ou rapid? Fè egzèsis s...
Egzèsis pou detire kò’w pou soulaje doulè nan rèl do ak doulè nan senti: • Egzèsis pou detire kò’w pou soulaje doulè ...
Ou Gen Do Fèmal, Doulè nan Do? • Ou Gen Do Fèmal, Doulè nan Do? Fè Egzèsis ...
Doulè Nan Kou: • Doulè Nan Kou? Fè Egzèsis Sa Yo Pou Soulaj...
Videyo sa a se yon pati nan mouvman nou adopte a fitness ayisyen (haitian fitness), ki ankouraje fitness motivasyon ak bon abitid pou ede kominote a rete an sante chak jou.
Enfòmasyon nou pataje nan videyo sa a se sèlman pou rezon edikasyon ak konesans general. Li pa gen entansyon ranplase konsèy medikal, dyagnostik, oswa tretman pou okenn kondisyon espesifik.
Lè w patisipe nan egzèsis yo demontre nan videyo sa a, ou rekonèt epi aksepte ke ou fè sa sou pwòp risk ou. JolinePlus, kreyatè a, ak patnè li yo pa pran okenn responsablite pou blesi oswa pwoblèm ki ka rive lè w suiv woutin sa yo. Ou menm, telespektatè a, ou pran tout responsablite pou pwoteje tèt ou pandan w ap fè egzèsis yo.
Toujou konsilte doktè w anvan w kòmanse nenpòt nouvo pwogram egzèsis, sitou si w gen doulè, pwoblèm medikal, limitasyon mobilite, oswa kondisyon sante kwonik.
Paka Dòmi | Egzèsis lakay | Mank Somèy
Повторяем попытку...
Доступные форматы для скачивания:
Скачать видео
-
Информация по загрузке: