( EFA-CAP ) nan tèt kole ak Ministère de l'éducation Nationale et de la Formation professionnelle
Автор: BITASYON MEDYA
Загружено: 2026-02-26
Просмотров: 67
Описание:
École Fondamentale D'application et Centre D'appui Pédagogique ( EFA-CAP ) nan tèt kole ak Ministère de l'éducation Nationale et de la Formation professionnelle , rive reyalize yon 2zyèm fòmasyon nan Vil Sen-Mak pou pwofesè non Piblik sou dokiman ekri ki gen pou tit Liv inik , fòmasyon sila tanmen nan dat 23 fevriye kap gen pou bout vandredi 27 fevriye 2026 kap vini la.
direktè EFA-CAP Sen-Mak la , pwofesè Blood Belotte , pale nan mikwo laprès pou bay detay sou liv inik lan ki ansenye onivo premye ane fondamental epi ki regwoupe 5 matyè , pandan li fè kwè , se yon soulajman pou paran yo sou plan ekonomik.
Fòmatè Julien Jean Louis , ki alafwa konseye EFA-CAP ta fè konnen fòmasyon an rive sou pwofesè yo e yo satisfè anmenm tan. Daprè Mesye Jean Louis , Liv inik la se pi meyè desizyon ki pral pèmèt timoun yo aprann pi byen. Poun fini Minouche Chrismon kise yon anseyant kap swiv fòmasyon Sila , rete kwè fòmasyon sa pral ede yo valorize lang kreyòl la , pandan yo menm pwofesè pral gen pou transmèt li ak timoun yo.
Повторяем попытку...
Доступные форматы для скачивания:
Скачать видео
-
Информация по загрузке: