The Best of Les Invincibles - Haitian Carnival Music
Автор: 509 Mizik City
Загружено: 2024-12-26
Просмотров: 186
Описание:
🎺 Les Invincibles de Jacmel: Yon Istwa Lejandè nan Mizik Ayisyen
📅 Gwoup Les Invincibles de Jacmel te kreye an mas 1969. Okòmansman, yo te rele “Les Invincibles de St. Cyr,” jan Jean Émilio Drago, ki te chantè gwoup la nan epòk sa, te chwazi. Anpil pèsonalite tankou Jacques Khawly ak Edgard Cayo te pote sipò pou pwojè a.
🆚 Pandan tan sa a, Les Jouvenceaux de Jacmel, rival etènèl yo, te deja byen etabli “anba lavil.”
🎶 Premye Mizisyen Les Invincibles yo:
🎺 Émile Feraud (twonpèt, maestro)
🎺 Michel Ladouceur (twonpèt)
🎸 Tony Laroche (bas)
🥁 Tony Lhérisson (batri)
🪘 Edvard Tozin (tanbou)
🎸 Yrvelt Ladouceur (gita)
🎤 Job Antoine (chantè)
🎤 Jean Émilio Drago (chantè)
Kèk ane apre, lòt mizisyen te vin jwenn Les Invincibles. An 1981, yo te pibliye premye albòm yo “Mèt Kesyon” avèk:
Émile Feraud (maestro, twonpetis)
Michel Ladouceur (twonpetis)
Jacques Aladin (twonpetis)
Louis Toudereau (twonpetis)
Jacques Lambert (saksofonis alto)
Philippe Aladin (saksofonis alto)
Darley Moise (saksofonis tenò)
Florian Pierre Louis (basis)
Jacques Joseph (batè)
Jacob Lucien (tanbourinè)
Jean Christo Adonis (gitaris)
Gérald Eugène (chantè)
Jean Émilio Drago (chantè)
Pierre Tony Lhérisson (chantè)
An 1983, gwoup la te pibliye dezyèm albòm li, “Patience.” Pierre Tony Lhérisson, youn nan chantè yo, te pran plas Émile Feraud kòm maestro gwoup la.
Nan fen ane 1990 yo, Les Invincibles te ajoute jèn talan tankou:
🎤 Franck Joseph (Fifon),
Keller Posy (Kiky)
Frantz Dominique (Zoul)
Jean Yves Basile
Vèvèl
Claudy Bass
Aprè yon ti taan, Fifon te kite Les Invincibles pou ale nan Gerostar, yon gwoup mizik nan Pòtoprens.
Ti Joel, ki te youn nan chantè Gerostar, te rakonte istwa arive Fifon nan Gerostar pandan yon entèvyou li te bay @WilfridKonpaevents. Daprè li, Gerostar te dekouvri Fifon pandan yon bal yo te genyen ak Les Invincibles nan Jakmèl.
Gracia Delva, ki te youn nan chantè Gerostar nan epòk sa tou, te rakonte nan show @PilwenKezye kijan prezans Fifon nan gwoup la te fè l santi l boulvèse. Li di:
“Se nan Gerostar m te pran yon gwo frap ki fè m tonbe anba. Yo te voye chache yon chantè Jakmèl ki rele Fifon, ki te nan Invincibles. Pandan yon repetisyon, mwen te chita sou ban, gade l, epi mwen te tonbe kriye, epi mwen kite djazz la.”
Lè Rigolo, prezantatè show a, mande si Fifon te pi bon pase li, Gracia reponn:
“Lontan, misye te pi bon, lontan, bagay serye nèt.”
Listwa rakonte nou ke se te sou konsèy Wilson Sanon, yon ansyen chantè Les Jouvenceaux, ke Fifon te aksepte ale nan Gerostar. Men, akoz klima ensekirite nan Pòtoprens apre koudeta Prezidan Aristide an 1991, Fifon te deside retounen Jakmèl pou kontinye ak Les Invincibles. Kèk mizisyen Gerostar tankou Ti Joel ak Patrick Étienne te swiv li.
Retou Fifon an pa t pase inapèsi. Rival li yo, Les Jouvenceaux de Jacmel, mete l nan mitan sèn lan ak mereng kanaval 2002 yo a: “Kle nan doum.”
“Depi nan Gero ou te konsa (ou deranje)
W ale Aux Cayes, Du Fond, w al fè sa (yo te bare w)
Ou te Jeremi, w t ap fè sa (yo te chase w)
Ou antre Jakmèl vin fè sa aaaaa
Gason manyen gason, gason takle gason, gason moute gason
Ou pa bezwen kriye demwazèl
Ou pa bezwen babye madmwazèl
Tout moun fin konnen gen lontan w ap fè sa (rizèz)”
Nan menm ane a, Les Invincibles de Jacmel, avèk mereng kanaval yo, voye yon mesaj pou ankouraje divèsite ak enklizyon nan konpa a:
“Flannè femèl m gen konpa pou ou (rèd rèd)
Gason makomè m gen konpa pou ou (rèd rèd)
Rastaman m gen konpa pou ou (rèd rèd)
Ou te mèt levanjil m gen konpa pou ou (rèd rèd)”
Kanaval sa gen yon melodi ak yon groove tèlman anraje, mwen menm ki pitit pastè ak yon dam misyonè, mwen pat ka pa danse lè m tande kanaval la ap jwe lakay vwazen an! 😄
Avèk nouvo jenerasyon mizisyen yo, Jakmèl t ap viv moman ekstraòdinè tankou bal chak wikenn, kèmès 1ye ak 2 janvye, Soirée des Anges chak jedi, e sitou kanaval chak ane.
🎧 509 Mizik City prezante: The Best of Les Invincibles - Haitian Carnival Music (1996-2006)
📀 1996 – Sikile
📀 1997 – Pa ajite
📀 1998 – Defile
📀 1999 – Ret branche
📀 2000 – Men sou tèt
📀 2001 – Sou kè mwen
📀 2002 – Mwen pa nan zen
📀 2003 – Reveye w
📀 2004 – Plezi lari
📀 2005 – Tout moun melanje
📀 2006 – Foure kò w
Повторяем попытку...
Доступные форматы для скачивания:
Скачать видео
-
Информация по загрузке: