Tiemdi - Lakay se Lakay (Official Video)
Автор: Tiemdi
Загружено: 2023-07-07
Просмотров: 13226
Описание:
LAKAY SE LAKAY
Nou tout, ki fèt, grandi oswa te pase yon tan Ayiti, konnen la vi nan peyi sa a pa janm fasil. Souvan jenès peyi a ak lòt sitwayen ki ta renmen evolye e kontribye nan devlopman zile a pa jwenn opòtinite pou yo pote apò pa yo. La vi chè lakòz moun oblije bat zèl yo chache on lòt fòm libète nan peyi etranje. Se sa yo rele EMIGRE. Moun sa yo ki kite a, se pa renmen yo pa renmen peyi yo, men se sitiyasyon politik, ekonomik ak sosyal an jeneral ki kòz yo vin oblije pati kite lakay yo. Se pa sèl pèp Ayisyen an ki ap viv sa. Gen lòt pèp tankou Ikrènyen, Siriyen, Libanè, Yemenit elatriye ki pase pa sa tou.
Men m'pwal fè nou wè yon lòt reyalite... On moun ki kite peyi l' al viv lòt bò dlo, vreman vre, vin jwenn on swadizan sekirite fizik, men sekirite sa a pa reyèl nan on peyi kote ou pa gen non. On moun ki viv nan peyi yo rele "Peyi Devlope" yo pa gen idantite; li tounen on nimewo. Li oblije ap travay san rete paske li vin depann de on sistèm ki oblije l' travay pou l' ka peye pou de byen ak sèvis ki ta dwe gratis. Yo rele sa esklavaj modèn. Lè w' nan sistèm nan, ou pèdi libète w' e ou oblije aprann viv tankou on nimewo. Lè w' pran konsyans e reyalize ke lakay ou, ou gen non, e lòt bò dlo ou pèdi pèsonalite w', nostalji gen pou l' anvayi w'. Sèl sa w'ap mande Bondye se pou peyi w' ka bon, ak on ti minimòm sèlman, pou w' ka tounen lakay.
Paske...Pa gen tankou lakay. Pap janm gen lòt kote sou tè sa a w'ap santi w' pi byen pase kote w' soti a.
Si m' di nou LAKAY SE...Nou konn ti rès la deja!
.
.
Filmé par: John H. David
Édité par: Michel G. Dulyx
Drône: Olivier Philoctète, Vince Théodore & Jean Jean Samdi
Collaborateur: Edras Borgella (Cinéaste)
.
.
Titre: Lakay se Lakay
Album: Mea Culpa
.
.
Socials
Instagram: @tiemdiproductions @tiemdi.officiel
Twitter: / tiemdisaj
Website: https://www.tiemdiproductions.com
Tiemdi Productions (c) 2023
Повторяем попытку...
Доступные форматы для скачивания:
Скачать видео
-
Информация по загрузке: