Haitian Kreyol: Konsey pou pare w davans si w te ka arete pa ICE
Автор: Vermont Language Justice Project
Загружено: 2026-03-10
Просмотров: 15
Описание:
How to prepare for possible ICE detention or arrest.
Konsey pou pare w davans si w te ka arete pa ICE
Videyo sa ap pataje kek enfo sou kisa w ka fè davans si ou riske arete pa ICE epi tou sa w ka fè si se ou oswa yon pwoch ou yo ta arete.
Genyen anpil enfò nan videyo sa e li vreman enpotan. Pran tan w lè wap gade l e pataje l ak fanmi e zanmi w yo. Avan nou komanse genyen twa bagay kle pou sonje.
Pa sinyen oken papye ICE baw sanw poko pale avek yon avoka akoz ICE gendwa bay w manti.
Memorize nimewo # telefon yon moun ki enpotan w ak A-number w si w genyen yon.
Sanble tout papye original imigrasyon ak dokiman idantifikasyon w yo epi kenbe yon kopi nan chak. Mete yo tout ansanm nan yon kote sekirize. Sa ap fè l pi fasil pou yon moun retwouve yo si ICE kenbe w.
Men yon rezime dwa imigran yo genyen nan Etazini. Tout enfòmasyon sa yo disponib plizye kote sou entenèt. Tcheke lyen nan komantè anba videyo sa pou plis enfòmasyon.
Nan Etazini, “stati imigrasyon” se dwa w genyen pou sèten dwa.
Nan Etazini, Prezidan responsab e pran desizyon sou imigrasyon. Genyen plizye lwa enpotan sou imigrasyon Etazini ke Prezidan pa ka change. Kanmenm, tribinal imigrasyon yo ka change koman lwa sa yo eksplike e aplike.
Moun ki genyen estati diferan genyen dwa diferan.
Si w pa genyen “stati imigrasyon”
ou genyen dwa pa pale lè ICE poze w kesyon
W pa bezwen montre ofisye ICE kat idantifikasyon w.
Lè wap esaye janbe frontye Etazini yo kapab mande w montre prev “stati imigrasyon” w. W ka chwazi si w vle obeyi. Men si w refize montre ‘stati imigrasyon’ w sa ka yon rezon pou yo kenbe w.
Si w gentan remet dosye Azil, lòt dosye soulajman pwosesis imigrasyon oubyen yon dosye pou yon lòt “stati imigrasyon” w oblije montre identifikasyon si yon ofisye imigrasyon w mande l.
Tout moun ki nan Etazini genyen dwa jeneral sa yo.
W pa bezwen kite yon ofisye ICE oubyen lòt ofisye lalwa antre lakay ou san yon Lòd ki sinyen pa yon jij Etazini.
Si ICE ap bay w presyon pou sinyen papye, w genyen dwa refize sinyen yo. W genyen dwa tann jiskaske ou jwen yon dokiman an nan lang natif natal w a.
W gendwa refize nenpòt papye ICE mande w sinyen. ICE gen dwa bay w manti sou dokiman kidonk w pa bezwen tande pawol yo.
. responsab nan travay ka deside genyen yon sèl moun ki gendwa pale e reprezante travay la ak ICE. Lè sa tout anplwaye yo ka di ICE yo pa gendwa pale ak yo, yo pa ka kite yo antre nan espas prive oubyen bay akse ak odinatè travay si ICE pa genyen yon Lòd tribinal sinyen pa yon jij.
W ka apran plis sou dwa w si w klike nan lyen nan komantè anba videyo sa.
Gouvenman etazini pa genyen dwa vyole okèn dwa yon moun genyen ki korespon ak “stati imigrasyonl” . Men ICE ak lòt depatman gouvenman federal pa toujou swiv règ sa yo. KIDONK lè ICE oubyen gouveneman brize dwa w yo, li enpotan pou konen kisa w pou fè.
Lè yo vyole dwaw Ak Prezidan aktiyel Etazini an, se pa “SI” dwa w yo ap vyole, se ‘KI LÈ” yo ap vyole pa ICE oubyen lòt depatman nan sistèm imigrasyon Etazini.
Aktyelman, youn nan pi gwo fason ICE ap vyole dwa moun se arete yo e kenbe yo ak metòd ilegal oubyen pou rezon ilegal. Anpil nan arestasyon ilegal sa yo kapab defye pa yon avoka men li ka difisil pou konnen kisa pou w fè.
Pou komanse, konnen ke avoka yo bezwen respekte plizye règ. Sa fè yo ka selman pran ka patikilye epi yo genyen opsyon limite nan sa yo ka mande gouvenman Etizini kap jere sistèm imigrasyon. Defwa règ sa yo chanje tout yon kou.
Si ou menm oubyen yon pwoch w arete oubyen kenbe, men kek bagay enpotan pou sonje: Si w poko pale ak yon avoka, W PA OBLIJE SINYEN ANYEN ICE BAY W.
ICE ap esaye tout mwayen pou fè moun sinyen papye ki di w dako depote. ICE gendwa bay w manti e di w ke papye sa bon pou w, lèsa se pa yon bon bagay. W ka refize sinyen dokiman ki nan yon lang w pa ka li oubyen w pa byen konpran.
Ofisye ICE ka rele sou w e fose w rete nan yon ti sal piti oubyen refize bay w manje e dlo jiskaske w sinyen fomilè yo montrew la. Li enpotan w toujou reziste sinyen fomilè yo. Ou genyen dwa pou refize sinyen jiskaske w gade dokiman ak yon avoka.
Men kek resous klè w ka itilize si w menm oubyen yon pwoch w arete: Tout lyen sa yo dispo nan komantè anba videyo sa.
Sa se kote w ka gade ka nan Tribinal Imigrasyon: LINK
W kapab rejwen nouvel sou ka moun ak A-number, si yo genyen youn, epi wap bezwen mete peyi kote yo fèt sou sitwèb sa. Lap baw denyen nouvel sou ka imigrasyon pa yo. Sitwèb sa dispo an Angle e Espanyol selman.
Sa se kote w ka swiv lokasyon moun ki kenbe pa ICE:
Sou sitwèb sa wap bezwen A-number, si yo genyen yon, oubyen Non ak Dat nesans moun nan, epi peyi kote yo te fèt. Lap di w kote ICE kenbe moun nan. Li enpotan pou sonje enfòmasyon sa ka pa ajou si ICE ap fè yon moun deplase nan yon lòt sant detansyon, si yo poko anrejistre nan sistèm ICE oubyen si yo ap kenbel nan yon sant detansyon ki pa jere pa ICE e jere pa yon Eta (tankou prizon lokal).
(Cont...)
Повторяем попытку...
Доступные форматы для скачивания:
Скачать видео
-
Информация по загрузке: