T-Joe Zenny feat. Ti Ansyto - AYITI LEVE [10 ZAN]
Автор: Shock Event Production
Загружено: 2020-01-12
Просмотров: 7136
Описание:
#kreyòlla #goudougoudou #12janv2010
12 JANVYE 2010 - 12 JANVYE 2020
10 LANE depi ke ti ti moso tè sa ki rele AYITI a te souke, souke e pote ak li anpil kretyen vivan, chretyen vivan tout kouch sosyal. Moun sa yo ale nan sikonstans ki diferan wi se vre men nap dakò ke petèt anpil pa ta prale si peyi a te gen pi bon je sou li, pi bon je sitou nan konstriksyon kap fèt andedan li men hummmmm gen moun kap reponn "Se jou yo ki te rive, depi se pou yo te ale yo ta prale kanmenn".
Ah wi mwen konprann men se jou nou tout ki rive oubyen pa lwen rive ki fè malgre tout vi ke tranbleman de tè sa pote ale, fanmi ke'l depatcha, moun ke'l andikape e lòt ke'l jis fè disparèt e menm 10 lane aprè nou pa gen nouvèl lavi ni nouvèl lanmò pou yo ki lakoz, nou toujou ap aji menm jan e menm pi mal toujou a?
Mwen m' pa kwè men ann mande tèt nou "Kisa GOUDOUGOUDOU te ye tout bon vre, ki dega li te fè tout bon vre e kisa'm ka fè pou evite yon lòt katastròf konsa ankò?"
Chak grenn vi konte, BENEDIKSYON pou tout respake ak sivivan 12 JANVYE 2010 e yon panse nan aksyon ke nap poze nan memwa tout moun ke'l te pote ale sou pasaj li!
AYITI LEVE - OFFICIAL RECAP SUB VIDEO
Like/Subscribe/Comment/Share ©
Повторяем попытку...
Доступные форматы для скачивания:
Скачать видео
-
Информация по загрузке: