MWEN FÈ OU KONFYANS ANPIL
Автор: Rod Nico
Загружено: 2025-12-14
Просмотров: 4629
Описание:
MWEN FÈ OU KONFYANS ANPIL
Mwen fè ou konfyans nèt ale Jezi,
Menm si lafwa mwen an tou piti.
Mwen vle kenbe ou jis sa fini.
Gen moun ki kwè sa se pèdi tan
Rete avèk Jezi nèt toutan
Poutan se sa ki bay kè kontan
Jezi ou se nèg ki gen puisans
Tou sa ou di genyen anpil sans
Moun ki koute ala li gen chans.
Jezi nèspa se ou menm ki di
Pèsonn pa kab mache avèk ou
Si se pa Papa a ki chwazi li
Moun k ap swiv ou yo se moun chwazi
Tanpri souple fè nou pa febli
Pou lènmi nou yo pa tonbe ri.
Nan temwayaj mwen genyen pou bay
Fòk mwen lite ak anpil kouraj
Si ou avèk mwen, mwen pap janm fè fay
Jezi ou rele mwen, se trè byen
Sa m ka itil se ou ki konnen
Pinga lènmi griyen dan sou mwen.
Повторяем попытку...
Доступные форматы для скачивания:
Скачать видео
-
Информация по загрузке: