ycliper

Популярное

Музыка Кино и Анимация Автомобили Животные Спорт Путешествия Игры Юмор

Интересные видео

2025 Сериалы Трейлеры Новости Как сделать Видеоуроки Diy своими руками

Топ запросов

смотреть а4 schoolboy runaway турецкий сериал смотреть мультфильмы эдисон
Скачать

Rigaud Duverne- Happy Day

Автор: Mathieu Jeanty

Загружено: 2022-10-17

Просмотров: 4418

Описание: This disclaimer essentially states that you are using copyrighted material in your video, but are doing so under the "fair use" doctrine, which allows for limited use of copyrighted material for certain purposes such as criticism, commentary, or teaching. It's important to note that the fair use doctrine is open to interpretation and there is no guarantee that your use of copyrighted material will be considered fair use. It's always best to err on the side of caution and seek permission from the copyright holder before using their material in your videos

An Ayiti, si w ap chèche yon bon chantè, yon bon mizisyen, premye kote pou w fè yon kout tèt se anndan legliz. Legliz se yon nich ki pa janm sispann pouse talan «atistik». Ou gen enpresyon yo jwen yo jwen yon benediksyon espesyal nan men Gran Mèt la ki ba yo don an. Nivo mizisyen evanjelik sa yo pa yon sekrè pou pèsonn e jodi a yo epate nou plis toujou paske yo jwe tout stil mizik. Si gen moun ki te konn plenyen lè yo te konn wè kèk gwoup kite stil « negro spiritual », « Acapella », « Classic » pou yo pase nan bon jan « Konpa », ki fè wè ki ras, ki nasyon k ap jwe, k ap louwe, kounyeya yo chanje, evolye, paske yo alèz pou yo adore nan gwo bit « Rap », ki pa yon pwoblèm pou nou paske se Bon Dye ki mèt tout stil mizik.

Jodi a, mizik tèlman jwe yon gwo wòl nan legliz, ou ka sezi wè pastè a pa moun manm yo plis anvi tande. Yo tout ap siveye « psalmiste » la, « evangelis » la ki pwal anime adorasyon an. Nan rejis tout « psalmiste » ki pase nan sektè evanjelik Ayiti a, li enpòtan pou nou vire kamera nou sou yon Atis wotpòte, Rigaud Duverné, ki kite anpwent li nan « milye » a, yon anpwent ki pap janm efase.

Rigaud fèt nan Pòtoprens nan lane 4 feviye 1957, men papa l Adam Duverné sòti nan vil Léogane e manman l, Dieula Michel, fèt nan vil Jakmèl. Depi timoun, Rigaud ap grandi nan legliz, l ap aprann chante, jwe mizik. Jèn ti gason, nou jwen li ap jwe twonpèt nan gwoup « Echo Céleste » ansanm ak frè li Charly, pandan ke lòt frè li, Daniel t ap evolye nan « Lumière Céleste – Sainte Trinité ». yon ti tan aprè, nou pwal jwen Rigaud nan « Étincelles de l’Évangile », kote li te dezyèm basis. Nou byen di dezyèm, paske li te dèyè Emilio Macéus, ki te gen jwèt non li Ti Bas, ki li menm te abitye jwe nan lòt gwoup, ki pa gwoup legliz. Yon bon jou, Ti Bas monte avyon pati al jwe aletranje ak Atis Rodrigue Milien epi tou kole, se konsa Rigaud pwal pwan plas li kòm basis.

Vizyon Rigaud te ale pi lwen ke kote li te ye a, paske li pat vle rete nan rejis chante nan lang Kreyòl la sèlman, se pou sa li pwal rale kèk manm « Étincelles », tankou Wilda Brun, Gladys Audate epi li fòme yon gwoup ki rele « Helping Hands », kote yo te chante nan plizyè lang, pami yo, Fransè ak Anglè. Zafè lang etranje a pwal louvri lòt pòt sou karyè Atis la paske talan li pwal rive nan lòt zòrèy, nan lòt peyi. « Helping Hands » pwal kòmanse vwayaje al pèfòme aletranje epi anrejistre anpil siksè. Talan Rigaud pwal eklate nan figi tout moun, paske li te konn ekri chante, li te konn chante e li te jwe prèske tout enstriman mizik.

Rive yon moman, gwoup la sispann fè monte desann, yo tou rete tabli nan peyi Ozetazini e se nan legliz Pastè Gesner a gwoup la plante pikèt li. Gwo fanatik Mike Brandt, Bob Marley ak Elvis presley, Rigaud pwal kòmanse fè de seri de aranjman wololoy, ki fè piblik la plis renmen l toujou. Rigaud sòti plizyè album tankou : Christmas, Charité, Pa genyen plas nan kè m pou ògèy ak Temwayaj.

Byen bonè nan mwa fevriye 1985, li pot ko fete 28 lane depi li fèt, Rigaud Duverné mouri, li kite nan tristès madanm li ki te youn nan chantèz nan gwoup la. Enfliyans li te tèlman gran, li kite eritaj la pou jenerasyon Duverné ki vini aprè a, tankou pitit li Mike, neve li Poppy ke moun pa bezwen chèche prezante ankò, paske talan yo pale pou yo deja.

Не удается загрузить Youtube-плеер. Проверьте блокировку Youtube в вашей сети.
Повторяем попытку...
Rigaud Duverne- Happy Day

Поделиться в:

Доступные форматы для скачивания:

Скачать видео

  • Информация по загрузке:

Скачать аудио

Похожие видео

Rigaud Duverne - Bien Aime Revielle Nou

Rigaud Duverne - Bien Aime Revielle Nou

Քյոխը, թոթը ու թվանքի կոթը

Քյոխը, թոթը ու թվանքի կոթը

Джем – Rigaud Duverne- Happy Day

Джем – Rigaud Duverne- Happy Day

ԿԱՐԵՎՈՐ ԼՈՒՐԵՐ․ ՓԵՏՐՎԱՐԻ 12, 2026 Թ․

ԿԱՐԵՎՈՐ ԼՈՒՐԵՐ․ ՓԵՏՐՎԱՐԻ 12, 2026 Թ․

Coupe Cloue Map Di live

Coupe Cloue Map Di live

Pale creole

Pale creole

EMISSION MATIN DEBAT ( 12 FÉVRIER 2026 ) Radio Télé Éclair

EMISSION MATIN DEBAT ( 12 FÉVRIER 2026 ) Radio Télé Éclair

Պարտադիր չի հարսս գոմը մտնի, կիթ անի, էնա ես մտնում եմ հերիք ա. մեծ սրտով Նունեն

Պարտադիր չի հարսս գոմը մտնի, կիթ անի, էնա ես մտնում եմ հերիք ա. մեծ սրտով Նունեն

En direct ak TI KOZE AK TT gro zen

En direct ak TI KOZE AK TT gro zen

«Գաղտնի մեսիջ»՝ Ռուբեն Վարդանյանից․ ի՞նչ է փոխանցել նա ընտանիքին

«Գաղտնի մեսիջ»՝ Ռուբեն Վարդանյանից․ ի՞նչ է փոխանցել նա ընտանիքին

ԱԶԱՏ ՇՓՈՒՄ ԳՆԵԼ ՍԱՐԳՍՅԱՆԻ ՀԵՏ 12.02.2026

ԱԶԱՏ ՇՓՈՒՄ ԳՆԵԼ ՍԱՐԳՍՅԱՆԻ ՀԵՏ 12.02.2026

НовостиХреновости-Роскомнадзор заблокировали велосипедным замком.Нейросеть научилась материться.

НовостиХреновости-Роскомнадзор заблокировали велосипедным замком.Нейросеть научилась материться.

INDIE: Miasteczko bez białych turystów - co nas czeka? Lokalne życie bez filtrów w Vellore

INDIE: Miasteczko bez białych turystów - co nas czeka? Lokalne życie bez filtrów w Vellore

L'IMPORTANCE  ET LE DANGER DU MINISTERE DE DELIVRANCE  [ ECOLE DE L'ESPRIT ) / PAST ROSELE F

L'IMPORTANCE ET LE DANGER DU MINISTERE DE DELIVRANCE [ ECOLE DE L'ESPRIT ) / PAST ROSELE F

Զատուլինի վիրավորանքը, Ռուսաստանը շարունակում արշավը ՀՀ-ի դեմ, Զելենսկի՝ Մոսկվան պահանջում է Դոնբասը

Զատուլինի վիրավորանքը, Ռուսաստանը շարունակում արշավը ՀՀ-ի դեմ, Զելենսկի՝ Մոսկվան պահանջում է Դոնբասը

VARDAN & MARIANA part (3)

VARDAN & MARIANA part (3)

Զատուլինը «պայթեցնում է» Նիկոլի ամբողջ ծրագիրը․ 5 միլիարդն ու Ալիևի հիստերիան․ Անժելա Թովմասյան

Զատուլինը «պայթեցնում է» Նիկոլի ամբողջ ծրագիրը․ 5 միլիարդն ու Ալիևի հիստերիան․ Անժելա Թովմասյան

JAK ZBUDOWAĆ DOMEK na WODZIE w Minecraft 🌊

JAK ZBUDOWAĆ DOMEK na WODZIE w Minecraft 🌊

© 2025 ycliper. Все права защищены.



  • Контакты
  • О нас
  • Политика конфиденциальности



Контакты для правообладателей: [email protected]