MAE - Minis Jean-Victor Harvel Jean-Baptiste rankontre Anbasadè Faruk Miguel Castillo
Автор: Television Nationale D'Haiti TNH
Загружено: 2025-04-30
Просмотров: 116
Описание:
Minis Afè Etranjè ak Kilt, Jean-Victor Harvel Jean-Baptiste, te envite Anbasadè Repiblik dominikèn lan an Ayiti, Faruk Miguel Castillo, nan lide pou eksprime kè sote Konsèy prezidansyèl tranzisyon an ak Gouvènman parapò ak menas epi zak vyolans k ap fèt chak jou sou konpatriyòt nou yo k ap evolye sou teritwa dominiken an.
Minis lan raple dwa otorite dominikèn yo dwa genyen pou aplike politik migratwa yo, sepandan, li mande pou gouvènman dominikèn lan respekte dwa migran yo nan moman rapatriman yo, jan Leta tou 2 peyi yo te pran angajman nan sans sa a epi pwotokòl 1999 la sou rapatriman.
Jean Victor Harvel Jean-Baptiste te pwofite renouvle volonte otorite ayisyèn yo pou devlope bon jan relasyon ak Repiblik dominikèn ki chita sou respè youn pou lòt.
Bò kote pal, Anbasdè a pran angajman pou l prezante preyokipasyon otorite ayisyèn bay gouvènman dominiken an.
Minis Afè etranjè a fè konnen gen 720 konpatriyòt ki te ilegal nan Repiblik dominikèn ki retounen nan peyi a nan kad yon pwogram rapatriman volontè gouvènman ayisyen an mete sou pye ki kòmanse 25 avril 2025.
Повторяем попытку...
Доступные форматы для скачивания:
Скачать видео
-
Информация по загрузке: