ANN RELE VIV BONDYE NAN SYÈL LA
Автор: BonDieu Bonn
Загружено: 2026-01-20
Просмотров: 3321
Описание:
An’n rele viv Bondye nan syèl la, (o oo o)
An’n fè louwanj pou li, (o oo o)
Anwo latè moun ki renmen yo, (o oo o)
Ya viv ak kè poze.
An’n chante Iwanj pou li,
Poun di jan li debyen
Li sèl n'ap adore, fò nou fè konpliman
Fò nou di li mèsi pou jan’l fè sa ki bèl,
Poutèt li se Granmèt, paske’l gen tout pouvwa
Jezi ou se Granmèt,
Ou se Pitit Papa ,
Ou se Wa nan syèl la, Papa’w ba’w tout pouvwa.
Ou te vin sou tè a, pou efase peche,
Ede’n pou’n pa tonbe, manje manje bliye.
Lespri montre’n renmen,
Pou fè nou moun de-byen,
Pou nou viv men nan men paske nou se kretien.
Ba nou tout bon mwa yen, kap fè nou viv pi byen
Pou nou fè sa ki byen ni jodi, ni demen.
Повторяем попытку...
Доступные форматы для скачивания:
Скачать видео
-
Информация по загрузке: