Sen Mak : Yon pwotokòl akò siyen pou ranfòse pwoteksyon elèv kont vyolans nan lekòl yo ….
Автор: Radio Television Caraïbes
Загружено: 2026-03-09
Просмотров: 143
Описание:
Yon pwotokòl akò siyen pou pwoteje elèv kont vyolans nan lekòl yo.
Nan kad selebrasyon Jounen Entènasyonal Dwa Fanm yo, dimanch 8 mas 2026, òganizasyon “Alliance des Femmes d’Haïti“ (AFD’H) ansanm ak plizyè etablisman lekòl nan vil Senmak siyen yon pwotokòl dakò pou ranfòse pwoteksyon elèv kont tout fòm vyolans nan milye eskolè a.
Inisyativ sa a vize sitou pwoteje tifi ak ti gason kont abi, move tretman ak vyolans seksyèl ki ka rive nan lekòl yo. Daprè responsab yo, pwotokòl la se yon etap enpòtan pou ankouraje yon anviwònman lekòl ki pi an sekirite pou timoun yo.
Nan entèvansyon li devan laprès, kowòdonatris AFD’H la, Madam Serette Guillaume, esplike objektif demach la. Li fè konnen òganizasyon an vle sansibilize lekòl yo sou kestyon vyolans, fòme ekip direksyon yo, epi mete espas ekout pou elèv ki viktim abi.
#actualités #rtvc #news #haïti #infoshaïti #criseenhaïti #culturehaïtienne #education #information #musiquehaitienne
Повторяем попытку...
Доступные форматы для скачивания:
Скачать видео
-
Информация по загрузке: