25 Fè louwanj pou Letènèl!
Автор: Planete Louange- Im ak Louwanj
Загружено: 2025-03-30
Просмотров: 742
Описание:
025
Fè louwanj pou Letènèl!
Gloire, gloire à l'Éternel!
1
Fè louwanj pou Letènèl !
Ak yon chan sakre ki bèl (bis)
Sot nan kè n rive sou twon Li!
Gad jan L gran lè L ap kreye, (bis)
Ak konpasyon Li pini!
Ala L bon lè Li padone!
2
Li pale! Linivè a
Chante avèk yon sèl vwa (bis)
Pawòl Li a ki bay lavi;
Ak men L li plen espas la (bis)
Avèk bèl zetwal yo ki
Kon pousyè briye nan syèl la.
3
Lè lènmi an akize w
Ou santi tout pwa peche w (bis)
E ou tonbe nan gwo chagren
Lawont fè ou pouse kri: (bis)
“Tout mòn yo tonbe sou mwen
Kache m kont kolè sakre Li”
4
Tout moun yo ke Seyè a
Te rachte ak san L sou kwa-a, (bis)
Jwenn lapè k paka eksplike
Lanmou sa-a lè li goute, (bis)
Tout dezi kè l se ofri,
An retou tèt li bay Jezi.
5
Bondye, tout moun ou rachte
Dwe toutan chante bonte (bis)
Sila ki te fè yo gras la!
Glwa, louwanj pou Granmèt la! (bis)
Se pou chan solanèl sa-a,
Monte rive sou twon li a.
Повторяем попытку...
Доступные форматы для скачивания:
Скачать видео
-
Информация по загрузке: