Housing Works Haïti, GARR, Pati Politik Lapè pou Ayiti
Автор: Radio Tele Uni
Загружено: 2025-12-16
Просмотров: 22
Описание:
Housing Works Haïti, yon òganizasyon ki rasanble plizyè gwoup ki pi majinalize nan sosyete a, tankou moun k ap viv ak VIH (PVVIH), kominote LGBTQ+, pwofesyonèl sèks yo, moun albinòs ak moun andikape, òganize yon atelye fòmasyon sou de (2) jou ki kòmanse jodi madi 16 desanm pou rive mèkredi 17 desanm 2025.
Dapre Gino Ambroise, ki se ofisye pledwaye gwoup majinalize yo, objektif aktivite sa a se pou fè vwa gwoup sa yo tande, fè sosyete a konnen yo egziste, epi raple ke yo gen dwa pou patisipe nan lavi politik peyi a, sitou nan eleksyon ki prevwa fèt ann Ayiti an 2026.
Gwoup kap Apiye Repatriye ak Refijye yo (GARR) prezante rapò anyèl li nan yon konferans pou laprès yo te bay jodi madi 16 desanm 2025, nan lokal òganizasyon an nan Chriswa.
Selon rapò a, soti janvye pou rive novanm 2025, Repiblik Dominikèn depòte plis pase 242 655 Ayisyen. Pami moun sa yo, gen 160 305 gason, 59 965 fanm, 10 263 ti fi ak 12 123 ti gason.
GARR fè konnen, nan kantite moun sa yo, yo resanse 982 fanm ansent, 2 800 nouris, pami yo 273 fanm ki te fèk sibi sezaryèn. Enstitisyon an idantifye tou 3 434 timoun minè ki pa t akonpaye, ansanm ak 1 241 moun ki gen andikap.
Anplis de sa, dapre done OIM (Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon) pataje ak GARR, Ayiti resevwa 247 482 rapatriye soti janvye pou rive novanm 2025, ki soti nan plizyè peyi diferan, nan yon kontèks sosyal ak imanitè ki trè difisil.
Pati Politik Lapè pou Ayiti, ansanm ak divès lòt òganizasyon nan sosyete sivil la, fè konnen yo konstante echèk gouvènman an ansanm ak Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an. Pou adrese sitiyasyon sa a, pati a prezante yon seri pwopozisyon pou sòti peyi a nan kriz.
Dokiman yo prezante a gen de (2) gwo pati:
Premye pati a: Pozisyon estratejik sou kesyon sekirite, ki mete aksan sou nesesite pou debloke aks woutye yo epi frennen fenomèn banditis ki paralize peyi a.
Dezyèm pati a: Metodoloji sòti kriz, ki chita sou fòmasyon yon konsansis nasyonal ak patisipasyon tout aktè politik yo, enkli tout pati politik nan peyi a.
Dapre responsab politik pati a, yon solisyon efikas dwe pase atravè kreyasyon yon egzekitif bisefal, konpoze de twa (3) manm, ak yon jij nan Lakou Kasyon kòm prezidan.
#Rtvc #Haïti #Nouvelleshaïti #InfosHaïti #actualités #educationation #divertidossement #information #news #cultureturehaïtienne #musiquehaitienne #TélévisionHaïtienne #nouvellecollectionellesendirect #journeyaltélévisé #beautychallengereakingnews #Kerv #picturechallengeolitiquehaïtienne #économiesocialeetsolidairemiehaïtienne #sociétéhaïtienne #cristianoronaldoeenHaïti #electionsHaïti #DéveloppementenHaïti #EnvironnementHaïti #LeNouvel #ticketmagazine #jhanedouze
Повторяем попытку...
Доступные форматы для скачивания:
Скачать видео
-
Информация по загрузке: