M nan san - Watson G (Afro Soul & Gospel Cover)
Автор: Label Music Freedom
Загружено: 2026-02-11
Просмотров: 257
Описание:
M toujou ap chèche on jan pou m viv
Fè vi anm na li, kòz pa gen moun k ap ban m
Lavi bouke maltrete mwen, ba may
A chak kou m tou aprann
M pa janm peye chèk lavi mande
Koz lè pou m kouri m kanpe
Tankou mwen mizè sanble
Tout sa m fè yo toujou pran pou barèm, sou may
Bon Bondye m pa konprann
(Vèsè 1 - Watson-G)
Y ap ban m kou nan do, pou yo m pa wè
Yo wè m pa pale, tout jounen tèt a tè
E konnen yo pa konnen, vye ide k ap grennen anndan mwen
Pa pran m zonbi frè
Sa fè m ap viv ak yon kè plen (wa wè)
Deja m nan san, m nan san, m nan san
Pa te pwoblèm non, tèt an m pran van
Yo fè m sa yo vle
Lavi di yon mo
Viv jan yo vle
Life no
Yo fè m ap mache, fimen nan geto
Tout rèv mwen yo la, m ap gad tout nan dlo
Men pa gen anyen k ap fè m pa kwè nan mwen
E ap gen yon jou ya wè mwen
(Refren)
M toujou ap chèche on jan pou m viv
Fè vi anm na li, kòz pa gen moun k ap ban m
Lavi bouke maltrete mwen, ba may
A chak kou m tou aprann
M pa janm peye chèk lavi mande
Koz lè pou m kouri m kanpe
Tankou mwen mizè sanble
Tout sa m fè yo toujou pran pou barèm, sou may
Bon Bondye m pa konprann
(Vèsè 2 - Wenly Jay)
Wenly Jay...
Te konn fè tout jan pou m viv
Men m pa t janm jwenn moun pou ban mwen
E tout sa m te konn sibi
M te sibi yo tout pou kont mwen
Tande m pa fè moun konfyans
M vle n konnen se pa fòt mwen
Te toujou gen pil zanmi
A la fen se yo k trèt mwen
Kounya pou sa m posede m tande m bay tèt mwen
Yo ta vle wè m nan mande
Pou m pa t gen kote m rete
Dèfwa pou yo blaze m
Gen sa k fè m sonje pase m
Menm lè m konn y ap pale m mal
M ap toujou la pou m ede
(Refren)
M toujou ap chèche on jan pou m viv
Fè vi anm na li, kòz pa gen moun k ap ban m
Lavi bouke maltrete mwen, ba may
A chak kou m tou aprann
M pa janm peye chèk lavi mande
Koz lè pou m kouri m kanpe
Tankou mwen mizè sanble
Tout sa m fè yo toujou pran pou barèm, sou may
Bon Bondye m pa konprann
(Outro - Vwa modifye)
(Repriz Refren an)
...Sou may
Bon Bondye m pa konprann
Повторяем попытку...
Доступные форматы для скачивания:
Скачать видео
-
Информация по загрузке: