Reyalite Politik - 08 janvye 2026
Автор: Radio Télé Masseillan Info (RTMI)
Загружено: 2026-01-08
Просмотров: 74
Описание:
🔴 Reyalite POLITIK Jedi 8 janvye 2026
Avèk Jean Michel OLOPHENE
Deba politik - Kriz Ayiti - Rekonsilyasyon nasyonal - Entèvansyon ameriken
Èske Ayiti rive nan yon pwen san retou ?
Jedi 8 janvye 2026, emisyon Reyalite POLITIK, anime pa Jean Michel OLOPHENE, ap ouvri yon gwo dosye sou kriz pwofon Ayiti ap travèse a : ensekirite jeneralize, kraze enstitisyon yo, koripsyon sistemik, divizyon sosyal ak kesyon fondamantal sou souverènte nasyonal Ayiti.
🎙️ Envite espesyal : Jean-Jacques Nesly Pierre, jèn lidè ki ap réfléchi sou politik peyi a, inisyatè yon pwopozisyon ki fè anpil bri nan opinyon piblik la :
➡️ Padon jeneral,
➡️ rekonsilyasyon nasyonal,
➡️ Komisyon Verite, Rekonsilyasyon ak Jistis Reparatris, kòm chemen pou sòti peyi a nan kriz estriktirèl li ap travèse a.
Nan kè deba a :
✔️ Èske yon Komisyon Verite, Rekonsilyasyon ak Jistis Reparatris posib nan kontèks Ayiti jodi a ?
✔️ Ki wòl Ofis Pwoteksyon Sitwayen (OPC) ak Legliz katolik dwe jwe ?
✔️ Èske bandi ame, klas politik sal sa a, koripsyon ak sektè prive mafya a ka antre nan yon pwosesis rekonsilyasyon san enpinite ?
✔️ Jistis reparatris : solisyon oswa danje pou demokrasi a ?
✔️ Ki pozisyon envite a sou entèvansyon ameriken an Ayiti ak diskou sipò Etazini yo ?
✔️ Kesyon souverènte nasyonal, dwa entènasyonal ak responsabilite Ayisyen yo menm.
📌 Reyalite POLITIK, se emisyon kote Jean Michel OLOPHENE poze kesyon ki deranje, fè analiz san konpwomi, epi bay vwa a ide ki ka ede peyi a reflechi sou pwòp sò li.
👉 Randevou obligatwa : Jedi 8 janvye 2026
Pou tout moun ki vle konprann reyalite politik Ayiti, dekode diskou gwo pouvwa yo, epi chèche solisyon Ayisyen pou pwoblèm Ayisyen.
#ReyalitePOLITIK #JeanMichelOlophene #PolitikAyisyen
#KrizAyiti #RekonsilyasyonNasyonal #JistisReparatris
#EntèvansyonAmeriken #SouverènteAyiti #DebaPolitik
#DwaMoun #EtaDwa
🎙️ Nouveau dans le streaming ou cherchant à passer au niveau supérieur ? Découvrez StreamYard et obtenez $10 de réduction ! 😍 https://streamyard.com/pal/d/63265805...
Повторяем попытку...
Доступные форматы для скачивания:
Скачать видео
-
Информация по загрузке: